Home Haiti Kempès Sanon deklare : Batay la prale jiskobou !

Kempès Sanon deklare : Batay la prale jiskobou !

0
0

Lidè gwoup ame nan katye popilè, Bèlè a, Kempès Sanon

Kempès Sanon 46 lane, lidè gwoup ame nan katye popilè Bèlè, peyi Etazini fenk pran sanksyon kont li. Nan yon entèvyou ak EFE, pi gwo ajans nouvèl panyòl nan mond lan, Sanon deklare karebare « […] gang yo ap kontinye batay la an Ayiti jiskaske yo ranvèse sistèm nan […] Batay la prale jiskobou. Menm si yo lanse dròn sou nou […] batay la p ap kanpe. »

N ap pwofite siyale pou depi dat Kempès Sanon te gang kote l konn goumen fè masak sou moun kont Ba Delma ak Solino.  Li te konn kidnape moun, peyi meriken pat janm wè l kòm yon danje pou yo te saksyone l. Se kounyea, lè Viv Ansanm reyabilite l, pou l pa fè krim ankò, kote li kanpe sou kidnape moun, jounen jodi a li enskri tèt li nan yon lit pou chanjman. Kote  l ap goumen kont sistèm ki pa ofri jèn yo nan peyi okenn altènativ, pa gen travay, pa gen asirans sosyal,  poukisa se jounenjodia  meriken wè l merite sanksyon. Sa siyifi lè l te kriminèl sanfwanilwa a li te bon pou enperyalis meriken an, se kounyea a misye pa bon. Nan sans sa a nou konprann byen jwèt mèt sistèm kapitalis lan ap jwe a.

Kempès fè konnen tou, se paske : Etazini, Kanada ak Lafrans « wè  n ap goumen kont enterè yo. Se poutèt sa y ap toujou mete nou sou lis teworis yo » Li eksplike byen, « se twa pisans sa yo k ap koule bwè san peyi Ayiti » Daprè li, si bagay yo pa chanje, « toutotan sitiyasyon sa ap pèsiste, peyi a ap kontinye plonje nan ensekirite ak pòvrete »

Selon analiz jounal EFE a : Sanon sanble konvenki “batay” “Viv Ansanm” ap mennen an gen pou objektif pou pote chanjman, pou « peyi a ka pran chemen devlopman an, » paske Ayiti « bezwen yon ti souf lè fre » epi gang yo ka « ede peyi a soti nan sitiyasyon li twouve l ladan l lan. » Pou fini Sanon deklare « leta Ayisyen an pa satisfè bezwen popilasyon an, se mesye “Viv Ansanm” yo ki pran swen katye yo, se poutèt sa pouvwa aktyèl la dwe ranvèse »

Chef Bèlè a rele 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) “vòlè,” ki, dapre li, « bay plis priyorite a ensekirite pou yo kapab kontinye fè lajan epi rete nan pouvwa pi lontan… »

HTML tutorial

source

Total 0 Votes
0

Tell us how can we improve this post?

+ = Verify Human or Spambot ?

To respond on your own website, enter the URL of your response which should contain a link to this post's permalink URL. Your response will then appear (possibly after moderation) on this page. Want to update or remove your response? Update or delete your post and re-enter your post's URL again. (Find out more about Webmentions.)