Home Haiti Jesse Jackson : Yon towo pou dwa moun ak lajistis pou tout...

Jesse Jackson : Yon towo pou dwa moun ak lajistis pou tout pèp

0
0

Jesse Jackson ale kite nou jou 17 fevriye 2026, nan laj 84 lane. Pou nou, Jesse reprezante sa klas politik rezistan nan peyi Etazini genyen de meyè : yon konsyans moral inivèsalizan pou liberasyon politik. Li te gen kouraj konviksyon li, e li pa t pè di pouvwa etabli yo sa li panse de movèz politik ak movèz aksyon yo. Li te gen kouraj di tèt li pèsonn pa pi moun pase limenm — “I am somebody” — nan yon sosyete ki kwè pouvwa klas posedan yo, pouvwa ras ak koulè po blan, privilèj patriyakal, ansanm ak preferans etewoseksyèl, bay manm kategori sa yo dwa eksepsyonèl pou domine lòt moun.

I am somebody” se kri yon tinèg k ap viv nan linivè rasis Jim Crow nan Kawolin di Sid, e ki di pèsonn pa pi bon ke li eke li ka prezidan kouwè tout liye blan meriken ki monopolize direksyon pouvwa politik la.

Gouvènè Eta Ilinòy la, JB Pritzker, bay lòd pou met anbèn drapo etazinyen an nan tout Eta a pou onore pasaj Jesse Jackson, yon rezidan Chikago. Li di : “Misye te kraze baryè, enspire plizyè jenerasyon, epi kenbe lespwa tou vivan. Eta nou an, nasyon nou an, ak mond lan pi bon gras ak ane sèvis li kontribye yo.”

Jesse L. Jackson, 1941-2026

Diran plis pase karant lane m ap obsève li, kòmanse apati kanpay prezidansyèl anflame li lanse kont Ronald Reagan lan an 1984, Jesse Jackson toujou rete konsistan nan entegrite moral e politik li. Kèlkeswa kriz n ap konfwonte nan moman an, mwen toujou ka konte, e menm parye, Jesse ap plase l nan bon kote Listwa, sètadi bò kote lajistis, bò kote dwa egal pou tout moun, bò kote ekite sosyal ak diyite pou dezerite yo. An sòm, li te preche e aplike praksis li — antanke pastè evanjelik e aktivis politik — pou reyalizasyon yon sosyete miltirasyal pwofondeman imanis, libere, epanouyi. Yon kowalisyon lakansyèl, yon kouvèti ak plizyè fabrik bèl koulè, kouwè li imajine sosyete meriken an nan diskou l devan Konvansyon Demokrat la nan San Francisco an 1984.

Ansyen disip epi kolaboratè pwòch Martin Luther King, li konnen kouwè MLK opresyon transande tout fontyè. Kidonk, se pa sèlman malsite ak opresyon nan peyi Etazini ki te konsène Jesse Jackson ; li te angaje l egalman nan yon lit global pou defann dwa tout kretyenvivan sou latè. Li te pran pozisyon kont anbago kont Kiba a Etazini tabli depi lane 1960 pou toufouni peyi ak pèp kiben an, e l pa t janm te fayi man amitye l ak  solidarite l ak frè Castro yo. Yon solidarite li manifeste anvè tout pèp tyèmond yo (keseswa Ayiti, Palestin, Lafrik di Sid oswa Nicaragua), k ap lite kont tirani lokal, neyokolonyalism ak enperyalism peyi dominan yo.

Yon gran defansè koz liberasyon Ayiti e Ayisyen

Pou Ayiti limenm, Jesse Jackson pa janm manke yon okazyon pou l pa denonse opresyon Ayiti ak Ayisyen k ap viv anba alafwa tirani e diktati lokal yo (pi presizeman diktati divalyeris la, diktati militè ki suiv li a, san bliye sèdènye tan rejim gangsterik ki vin apre yo), ansanm, byennantandi, ak malveyans peyi etranje yo.

HTML tutorial

Plizyè jounal ayisyen nan Etazini ki konn kolabore ak Jesse Jackson bay misye omaj gandèt li merite a. Nan yon omaj Berthony Dupont, direktè jounal Haïti-Liberté a, tekste nou, misye di sou Jackson : « Lit Afriken-Ameriken an pèdi yon gran lidè. Kominote Ayisyen  Etazini an, k ap fè fas ak anpil defi anba administrasyon rasis Donald Trump lan, pèdi tou yon kokenn zanmi. Lè yon bon grenn tonbe, li p ap pouri, l ap releve ! Konsa, nou swete kadav Jesse Jackson refleri pou l donnen plis detèminasyon ak konviksyon nan lit kontinyèl pou chanjman an Ayiti ak Etazini. »

Jounal The Haitian Times di : « Pou plis ke kat dekad Jesse Jackson prezante l nan tout pwotestasyon, nan sant detansyon ak veye lapriyè ki gen awè ak deblozay politik, vag migrasyon ak dezas natirèl k ap rive ann Ayiti yo.” Jounal la site an patikilye “5 moman desizif” kote prezans Jesse fè yon gran diferans : ” 1) Nan mwa avril 1980, Jackson mache nan Miyami avèk Ayisyen k ap mande azil politik pou moun ki t ap kouri kite represyon anba rejim Duvalier a ; 2) Li te vizite nan fen ane 1981 prizonye Ayisyen yo te kenbe nan sant imigrasyon toupre Miyami, anpil rapò pale sou kacho ki gen twòp moun ak grèv lafen ; 3) Jackson vizite yon sant detansyon ki jere pa Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon Etazinyen, anplis li te kritike apwòch gouvènman an. Li dekri trètman Ayisyen k ap chèche azil yo kòm yon pwoblèm moral, li lye aplikasyon lalwa imigrasyon an ak inegalite rasyal ki gen o Zetazini yo ; 4) Li kanpe an solidarite [ak Ayiti] apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki devaste Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo. Jackson jwenn ansanm ak lòt lidè relijye yo e ak ofisyèl eli nan Nouyòk tankou Rev. Al Sharpton e Senatè Kirsten Gillibrand pou priye pou viktim yo epi mande sipò kontinyèl Etazini. Katastwòf la renouvle deba sou Estati Pwoteksyon Tanporè [pou Ayisyen] ;  5) [Jackson] ede transfòme naratif nasyonal etazinyen an sou imigran Ayisyen yo. Nan ane 1980 ak 1990 yo, Ayisyen ki te rive o Zetazini yo te souvan prezante nan retorik politik ak kouvèti medyatik yo yon fason ki dezimanize yo. Jackson konteste piblikman naratif sila yo, li ensiste ke Ayisyen yo se moun k ap kouri kite vyolans ak represyon pou chèche azil ak refij. » (*)

Yon chanpyon liberasyon Afrik di Sid ak otaj politik

Nan fen ane 1980 yo, Jesse Jackson chache èd Linyon Sovyetik ansanm Pap Jan-Pòl II pou ede vin about rejim apartheid sanginè rasis ki te o pouvwa nan Afrik di Sid la. Jackson itilize tout zam ki te alamèsi l pou denonse e ekspoze rejim apartheid la : demonstrasyon nan lari, denonsyasyon piblik, bòykotaj ekonomik, san retire dezenvetisman finansye (divest), pou fòse li chanje direksyon. Se avèk aklamasyon Jesse Jackson te akonpaye Nelson Mandela lè l te kite prizon Robben Island lan an 1990 apre 27 tan detansyon.

Jesse Jackson avèk Fidel Castro nan ayewopò Jose Marti nan Lahavàn jou 25 jen 1984 diran siksè misyon pou l libere 3 prizonye Etazinyen yo nan Kiba / Foto kredi : Prensa Latina, Reuters.

Kouwè plizyè lòt lidè mouvman Dwa Sivik peyi Etazini an — pa egzanp Andrew Young ki te pèdi djòb li sou prezidan Jimmy Carter kòm premye Nwa Reprezantan Etazini nan Nasyonzini paske l te rankontre avèk yon reprezantan Palestinyen — , Jesse Jackson toujou pote sipò li bay rezistan Palestinyen yo k ap goumen pou otodetèminasyon peyi yo. Anpil moun nan milye ki sipòte neyokolonyalism Izraèl la te kritike Jesse Jackson pou lefètke l sipòte kreyasyon yon Eta palestinyen endepandan, e paske l te akolade piblikman Yasir Arafat, ansyen lidè palestinyen an.

Se menm milye sa yo ki vin sabote kanpay prezidansyèl Jesse Jackson yo an 1984 e 1988 paske yo pa t renmen sansiblite l pou koz palestinyen an. Yo pa t renmen tou e sitou preferans li montre pou mas pèp yo. Se konsa lè Jackson vin repete move non derizwa “Hymie” oswa “Hymie Town” pou pale de Juif nan Nouyòk yo, bagay la fè eskandal. Byenke Jackson bay eskiz li e di li pa t gen entansyon ensilte okenn moun, akizasyon “antisemitik” la fè li pa vin premye nan eleksyon prezidansyèl primè demokrat la.

Alaverite, se te yon movèz akizasyon kont Jackson. Non sèlman anpil moun nan kanpay prezidansyèl Jackson lan te juif, misye limenm, suivan prechman Martin Luther King limenm, te kwè pwofondeman nan yon sosyete miltirasyal, miltikonfesyonèl e miltikiltirèl kote tout moun gen menm dwa ak aksè. Nan diskou l devan Konvansyon Demokrat la nou mansyone pi wo, Jesse Jackson di tou : « Drapo nou an wouj, blan ak ble, men nasyon nou an se yon lakansyèl — wouj, jòn, mawon, nwa ak blan — epi nou tout gen valè devan je Bondye.” […] Lamerik pa tankou yon dra — yon sèl moso twal ki san kase, menm koulè, menm teksti, menm gwosè. Lamerik se plis tankou yon kouvèti — anpil patch, anpil moso, anpil koulè, anpil gwosè, tout trikote e kenbe ansanm pa yon fil komen. »

Jesse Jackson avèk Martin Luther King. Photo credit: WTTW News

Reveran Jesse Jackson te itilize pèsuasyon moral li antanke lidè relijye pou l ede negosye libète anpil otaj — Etazinyen kou etranje —-  yo te kenbe prizonye nan peyi etranje. Men sa jounal USA Today di de sa nan yon atik ekri pa Kathryn Palmer pibliye kat jou apre lanmò li : “[Jackson] te yon negosyatè pwolifik [pwodiktif] ki responsab pou mizanlibète plizyè santèn otaj, ‘boukliye imen’ ak prizonye atravè lemond antye. Gras ak Jackson, plis pase 100 Ameriken chape detansyon ak kaptivite.” Men sa yon temwen, Stephen Thibeault, di de demach Jackson sa a : “Misye vini nan anbasad la e li di, ‘Kisa m ka fè ?’. Epi Jackson fè yon reyinyon ak Irakyen yo ki, efektivman, ofri misye pou li pran yon sèten gwoup otaj.” Nan yon lèt Jackson ekri a Saddam Hussein li di li pou li “pa kite pou pòt dyalòg ak imanitarism fèmen”. (**)

Jesse Jackson k ap pote ti gason Britanik 5 an Stuart Lockwood ki te otaj nan Irak. Foto sa a montre lè yo rive nan ayewopò Heathrow nan Lond, jou 2 septanm 1990 / Foto kredi : Kevin Coombs, Reuters.

Pami lòt otaj Jackson negosye liberasyon yo genyen : Lyetnan navi etazinyen Robert Goodman ki te prizonye an Siri an 1984. Nan menm ane a li ede libere 3 prizonye Kiben-Etazinyen ki te prizonye nan Kiba, kote li rankontre ak Fidel Castro. Nan ane 1999, Jesse ede libere 3 sòlda Etazinyen (Steven Gozalez, Christopher Stone e Andrew Ramirez) ki te gen avyon yo kaptire nan Kosovo pa Sebi.

Apot kowalisyon lakansyèl tout pèp sou latè

Konsèp “kowalisyon lakansyèl” la — ki te envante nan ane 1969 nan Chikago pa gran militan pati Black Panther a Fred Hampton pou tabli alyans miltietnik ant gwoup Nwa ak Pòtoriken ki t ap goumen kont opresyon rasis e sosyal  — pa t yon konsèp vid pou Jesse Jackson. Li te viv li chak jou, nan tout aksyon li, paegzanp nan solidarite san fay li pote bay lidè sendikalis Cesar Chavez diran 36-jou grèv lafen li antreprann an 1988 pou l denonse kondisyon malouk e danjere travayè latè Meksiken-Ameriken yo t ap viv nan Kalifoni. Jesse itilize prestij selebrite l antanke kandida prezidansyèl pou l pwente dwèt sou kondisyon malouk yo e fè avanse lit travayè ak travayèz latè Meksiken-Ameriken yo.

Jesse Jackson avèk Andrew Young (mitan) ak lòt vizitè deyò Mize Nasyonal Dwa Sivik la pandan y ap tande yon koral an 2018 / Foto kredi : Andrea Morales / MLK50.

Kouwè kowalisyon opresè ak rasis yo ki inivèsalize sistèm ak pwosede kontwòl e dominasyon yo nan tout kwen sou latè, Jesse Jackson inivèsalize lit pèp yo kont opresyon ak malsite kèlkelanswa kote yo rive a, e kèlkelanswa ki moun k ap fè yo e ki ap pwofite de yo. Se yon klèvwayans ki vin abouti ak konsèp liberatè gwoup an lit o Zetazini yo rele intersectionality (entèseksyonalite) ki se rekonèt entèkoneksyon ant diferan kategori sosyal an lit yo, keseswa nan relasyon rasyal, rapò klas, rapò e reflèks patriyakal, elatriye.

Yon fineray pa kou tout lòt

Lanmò Jesse Jackson se yon gran pèt pou koz egalite pèp etazinyen an e pou koz liberasyon tout pèp sou latè. Li te yon nonm admirab, inik, eksepsyonèl, kouraje, nan liye gran liberatè pèp kou Frederick Douglass, Harriet Tubman, Malcolm X, Martin Luther King, elatriye. Erezman, lavi li, kouraj li, ak imanism pwofon li anseye nou yo ap rete sous enspirasyon san mankman pou jenerasyon k ap vini yo.

Fineray ofiyèl Jesse Jackson nan jou vandredi 6 mas 2026, nan legliz House of Hope nan Chikago (pami yon seri memoryal ki dire tout semèn lan), te yon evennman politik nan limenm. Apa de prezans prèske tout klas politik demokrat etazinyen an, san retire prezans 3 ansyen prezidan demokrat ak yon vis-prezidan demokrat (Bill Clinton, Barack Obama, Joe Biden e Kamela Harris), nou te remake tou prezans prezidan Kolombi a, Gustavo Petro, nan lis omajis. Petro fè yon rekapitilasyon nan Listwa — a kòmanse avèk èd Ayiti te bay Simon Bolivar a nan jefò l pou l konbat kolonyalism espayòl la, san bliye fondasyon Chikago pa yon Ayisyen, Jean Baptiste Point du Sable  — pou l montre kontinuasyon lit antikolonyal la, ansanm ak ensten agresif pwisans enperyalis yo, kou nou wè jodia, misye di, nan Venezuela ak Iran. Li di Jesse te pèsonize lyen solidarite ant tout pèp k ap goumen pou chanjman yo. Natirèlman, anpil fanatik Jackson ak pèsonalite politik Chikago te la tou, san konte majistra Brandon Johnson, ansyen majistra Lori Lightfoot ak Richard Daley, elatriye.

Seremoni nan legliz House of Hope la se avan-dènye seri seremoni pou onore Jesse Jackson yo. Se byen malere e sinik prezidan Lachanm Reprezantan an Mike Johnson refize rekèt fanmi Jackson yo pou yo te enstale sèkèy misye nan rotunda Kapitol la. Yon aksyon ki fè yon jounalis ekri : “[Refi sa a] se yon rapèl vivas ke komemorasyon pa nasyon an ikòn Dwa Sivik li an rive nan yon moman administrasyon Trump lan ap aktivman siprime istwa Moun Nwa.” (***)

Fineray Jesse Jackson nan legliz House of Hope nan Chikago, Ilinòy. jou vandredi 6 mas 2026./ Kredi : Getty Images.

Reveran Al Shapton — yon disip Jesse depi l te gen laj 12 an e yon lidè Dwa Sivik limenm tou — mansyone enpak pwofon Jesse genyen sou politik etazinyen : “Jesse Jackson chanje mouvman pou Dwa Sivik la. Li te yon figi konsekansyèl e transfòmatif. Epitou li chanje jan yo fè politik nan Nouyòk. […] Li te la avèk Doktè King lè misye te mouri, lè yo te touye l an ’68, li t ap pale avèk Jesse Jackson e Ben Branch sou balistrad Motèl Lorraine lan nan Memfis e Reveran Jackson te literalman youn nan 2 dènye moun ki te pale ak li.”

Sa k te remakad nan seremoni fineray Jesse a, se rapèl pa plizyè omajis yo de entèkoneksyon Jackson te fè ant lit moun pòv, dezerite e eksplwate yo, ak tout lòt viktim de sistèm deziminasyon an : keseswa esklisyon e opresyon kont fanm yo, kont LGBT yo, kont imigran san papye yo, kont malere san-zabri yo, oswa kont travayè e travayèz latè yo.

Li te diferan e inik

Nan moman detrès, goumandiz kòporatif, rasism sistemik ak esklizyon moun pòv ki te blayi o Zetazini sou gouvènman Ronald Reagan ak Georges H. Bush nan ane 1980-1992 yo, Jesse Jackson te youn nan vwa moral e politik ki te rele pi fò pou sa chanje. Li te pote konsolasyon, solidarite, fratènite, lespri rezistans ak lespwa ba nou tout ki te anba toufounisman yon sistèm politik ki te san kè, san emosyon, enterese sèlman nan esplwatasyon travayè ak travayèz e pwofi a tou pri. Wi, lidèchip moral e politik Jesse a manke nou anpil.

Disparisyon Jesse se yon gran pèt pou pèp ak nasyon nan lemond yo ki menase oswa ki anba agresyon neyokolonyalis grann pwisans kòm Etazini, Israyèl, Larisi, Emira Arab Ini, kouwè nou wè jodi a ann Iran, nan Gaza, nan Venezuela, nan Nijerya, nan Soudan, nan Ikrèn, elatriye. Jesse t ap mande pou dwa entènasyonal pran lepa kont ensten neyokolonyalis e rapasite kapitalis.

Wi li te diferan e inik, antanke pitit “ki fèt deyò”, li te konprann dega estigma sosyal ak esklizyon de klas ka genyen sou emwa ak santiman otovalidite yon jenn moun anba sistèm rasis Jim Crow a nan Kawolin di Sid. Olye l kite sa chagrinen l, li rele, “Yes, I am somebody”, wi mwen se yon moun, yo dwe respekte dwa m, e ban m respè kouwè nenpòt lòt moun. Epi, li pa t lese l twouble pa pyèj epistemolojik kategori rasyal yo sistèm sosyopolitik rasis la met sou pye pou divize diferan pèp ak etnisite ki fòme peyi Etazini an. Ke w te blan, nwa, wouj, jòn, mawon, elatriye, ou te gen plas ou nan kowalisyon lakansyèl Jesse Jackson lan. E ou ka rele kouwè tout lòt moun : “I am somebody !”

Tontongi
Boston, 9 mas 2026


(*) The Haitian Times “5 defining moments in Rev. Jesse Jackson’s relationship with Haiti”.  20 fevriye, 2026.

(**) Kathryn Palmer, “How Jesse Jackson freed dozens of Americans held captive overseas”, USA Today, 21 fevriye 2026.

(***) Neil Steinberg, “3 presidents, and thousands of everyday people, celebrate the life and legacy of Jesse Jackson”, Chicago Sun Time, 7 mas 2026.

(c) tanbou.com

source

Total 0 Votes
0

Tell us how can we improve this post?

+ = Verify Human or Spambot ?

To respond on your own website, enter the URL of your response which should contain a link to this post's permalink URL. Your response will then appear (possibly after moderation) on this page. Want to update or remove your response? Update or delete your post and re-enter your post's URL again. (Find out more about Webmentions.)