Par Ecovert-Haiti
*Konstat*
Pasaj ouragan Melissa sou peyi Dayiti mete tout feblès yo deyò. Li revele, yon lòt fwa ankò, kijan nivo vilnerabilite peyi a ogmante pandan dènye ane yo, malgre egzistans sou papye yon Direksyon Pwoteksyon Sivil, yon Sant Ijans ak yon Sekretarya pou Jesyon Risk ak Dezas. Malerezman, enstitisyon sa yo pa rive reponn ak efikasite sou teren, nan kominote yo. Melissa te deja anonse avans li, men repons otorite yo te montre enkapasite ak neglijans grav nan planifikasyon ak prevansyon.
Kijan yon peyi tankou Ayiti, ki chita nan basen Karayib la — yon zòn kote tanpèt, siklòn ak ouragan pase chak ane — pa rive mete sou pye yon plan jesyon risk solid pou limite enpak katastwòf natirèl ak degradasyon anviwonmantal ki ap ogmante chak jou nan dis depatman peyi a?
*Kote rasin vilnerabilite Ayiti sòti ?*
Katastwòf natirèl frape tout kote sou latè. Yo inevitab, yo afekte ekonomi, yo kreye estrès, domaj ak viktim. Men Ayiti, pandan deseni 2000–2010, te frape pa ouragan Hanna, Ike ak Gustave, ki te koze gwo dega nan Gonaives ak Okay, afekte plis pase 80 mil moun. Nan 2016, ouragan Matthew te touye plis pase 600 moun epi mete 1.5 milyon moun nan Grand Sid nan ensekirite alimantè. Oktòb 2025, Melissa frape menm rejyon an ankò kise Sidès, Sid,Grandans . Se toujou menm bilan yo, plis pase 30 moun mouri epi anpil pèt nan sektè agrikòl la.
Retrospektiv sa a montre klèman ke Ayiti ap sibi frap repete anba katastwòf natirèl. Men, vilnerabilite sa a pa sòti nan move chans sèlman. Li gen rasin fon.
*Fòm vilnerabilite yo*
– Vilnerabilite Anvironmantal: Moun yo ap eksplwate resous natirèl yo san kontwòl, sa ki afebli kapasite anviwonman an pou absòbe chòk natirèl.
– Vilnerabilite Fizik: Anpil moun bati kay nan zòn danjere san respekte norm teknik konstriksyon.
– Vilnerabilite Ekonomik: Mank resous pouse moun viv nan zòn ki pa sekirize, kote risk yo pi wo.
– Vilnerabilite Politik: Otorite yo pa gen kapasite pou pran bon desizyon, ni pou negosye ak patnè nasyonal ak entènasyonal.
– Vilnerabilite Edikatif: Mank konesans sou relasyon ant moun ak anviwonman an mete popilasyon an plis ekspoze.
– Vilnerabilite Enstitisyonèl: Koripsyon ak detounman fon nan enstitisyon lokal yo anpeche aksyon efikas pou redwi risk ak dezas.
*Kisa ki ta dwe fèt pou redwi vilnerabilite an Ayiti ?*
– Atake rasin vilnerabilite yo: Sa mande yon remiz an kesyon modèl politik ak kwayans ki ankouraje pasivite. Nou pa ka kontinye mete tout espwa sou Bondye san nou pa pran responsabilite nou.
– Mobilize popilasyon an: Fòk moun sispann rete obsèvatè. Yo dwe angaje yo nan repons ak prevansyon katastwòf ki frape kominote yo.
– Enplike kominote yo: Mete yo nan sant desizyon sou jesyon risk, epi ankouraje sektè vilnerab yo travay ansanm pou redwi danje.
– Patisipasyon aktif: Popilasyon an dwe gen dwa ak mwayen pou patisipe nan tout desizyon ki gen rapò ak devlopman ak repons kont katastwòf.
– Amelyore kondisyon sosyo-ekonomik: Fòk gen inisyativ pou konstwi vil rezilyan ak kominote dirab ki ka kenbe tèt ak chòk natirèl.
– Ranfòse kapasite lokal yo: Fòk moun ki vilnerab yo gen mwayen pou yo vin aktè nan rediksyon risk nan zòn yo.
– kreye yon fon pou kapab jere pwoblèm katastwòf natirèl ki deja pwograme nan aksyon gouvènman gen pou fè.
*Konklizyon*
siklòn, gwo van ak lapli pa ka evite. Men, pi bon fason pou jere yo, se pa tann dènye minit. Se mete an plas mezi prevantif, ranfòse kapasite lokal yo, epi konstwi yon kilti rezistans ki chita sou solidarite, konesans ak aksyon.
Ekip Ecovert-Haiti.
