Home Haiti Bèl ochan pou Bobi Deni ki travèse

Bèl ochan pou Bobi Deni ki travèse

0
Bobi Deni

« Bobi Deni se yon pyonye ak vizyonè nan domèn medya ak endistri mizik an Ayiti »

 

Nan mwa pase a se rèn Chantrèl Fabyèn Deni ki te deside travèse ak tout bèl vwa l la. Nan prese prese pou prese travèse anvan, se konsa Bobi Deni kouri travèse tou apre l te fin pran gwo sezisman sèl la ki travèse sa te fè gwo chòk sou kè l. Nan lokazyon disparisyon Bobi Deni senmenn pase a Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) eksprime nan yon nòt ki chaje ak emosyon gwo lapenn li aprann nouvèl lanmò Wobè Deni, yon figi senbolik nan domèn son, jounalis ak kominikasyon an Ayiti, ki te gen gwo enfliyans sou plizyè jenerasyon pwofesyonèl nan medya yo.

Bobi Deni te yon nonm ki te gen vizyon, disiplin ak konviksyon. Li te vin tounen youn nan moun ki te mete baz modènizasyon nan sistèm medya ayisyen an. Pandan li te dirije Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH), li te jwe yon wòl enpòtan pou ranfòse dyalòg pwofesyonèl la, defann prensip libète laprès ak endepandans editoryal, menm nan moman difisil.Yo te rekonèt li pou kalm li, sajès li ak kapasite li pou jwenn kon sansis. Chak fwa li pran lapawòl an piblik, li toujou pale ak prekosyon, ak anpil bon sans, sa ki te montre konpreyansyon pwofon li sou kesyon demokrasi ak responsablite sosyal medya yo.

Anplis angajman li nan enstitisyon medya yo, Robert Denis te yon gwo aktè nan kilti ayisyen an. Li te fondatè estidyo Odyotèk ak chèn televizyon Telemaks, de enstitisyon ki te chanje fason Ayiti pwodui ak gade kontni odyovizyèl, pandan yo te bay anpil jèn atis ak pwodiktè lokal yon espas pou briye. « Bobi Deni ap rete nan memwa kolektif la kòm yon defansè san pran souf pou yon laprès lib, pliryèl ak responsab. Depa li kite yon gwo vid nan pwofesyon an », se sa AJH mete aksan sou li, pandan li salye yon nonm ki te sèvi kòm egzanp ak modèl entegrite pou anpil jounalis ak antreprenè kiltirèl.

Nan moman doulè sa a, Asosyasyon Jounalis Ayisyen voye senpati ak kondoleyans li bay fanmi Bobi Deni, tout zanmi li, kolèg li nan ANMH, epi tout moun k ap travay nan medya ak kilti an Ayiti.Lanmò Bobi Deni se pa sèlman yon gwo pèt pou lap rès Ayisyèn, men tou pou kilti nasyonal la, kote li te youn nan pi gwo defansè li yo. Eritaj li ap rete kòm yon gid pou tout moun ki kontinye kwè nan fòs pawòl lib ak nan diyite metye jounalis la an Ayiti.

 

source

Total 0 Votes
0

Tell us how can we improve this post?

+ = Verify Human or Spambot ?

To respond on your own website, enter the URL of your response which should contain a link to this post's permalink URL. Your response will then appear (possibly after moderation) on this page. Want to update or remove your response? Update or delete your post and re-enter your post's URL again. (Find out more about Webmentions.)

Exit mobile version