Rony Timothée ak Louis Gérald Gilles se de patnè, de asosye pou n pa di de raketè politik sanfwanilwa ki te mare sosis yo ansanm. Jounenjodia youn gen lè pran tout, li pa bay lòt la anyen, bagay sa a fè anpil revelasyon ap fèt.
Rony Timothée se yon abolocho ki yon ti kras pi sofistike pase Tiyouri ak Pa-Anmègdem, men se nan fè rakèt politik li viv, epi se te yon kokenn lavalasyen. Limenm ak Biron Odije, yo se pwason kraze nan bouyon. Ou pap wè youn nan yon biznis politik san lòt la pa ladann. Yo antann yo komsadwa, ren pou ren sandout, se sa k fè lobèy pa janm pete ant yo. Yo te lan Sektè Demokratik Popilè (SDP) ansanm ak Andre Michel, Nenel Cassy, nan opozisyon kont Jovenel Moise la.
Doktè Louis Gérald Gilles limenm tou, se yon lavalasyen, dayè li te menm eli senatè pou Depatman Lwès sou pati a. Apre li vin kite Fanmi Lavalas, l al fòme pwop tipati pa l, pwòp ti antrepriz pa l, pwòp ti biznis pa l, li rele l NOULHA. Timothée ak Biron Odigé yomenm tipati pa yo a rele : Viv Ayiti !

Doktè Louis Gérald Gilles te wouj toulimen nan opozisyon kont prezidan Jovenel Moise. Se aprè konplo entènasyonal kote ayisyen ak etranje fin sasinen prezidan an, lekòl lage nèt nan peyi a. Pouvwa a al jwenn SDP ak alye l doktè Ariel Henri, doktè ak doktè, ou jwenn Gilles ak Noulha fonn ansanm nan mouvman akòkò 21 Desanm. Rony Timothée te gwo bra tou nan Akò 21 Desanm lan. Sa vle di ni Gilles, ni Timothée t ap travay nan menm faktori politik, yo te gen menm bòs, Premye minis Ariel Henry ki pase twazan ap koupe rache nan peyi a san fè anyen.
Tout bagay te OK ni pou Timothée ni pou Gilles. Tout epòk sa yo, pat gen pwoblèm ditou ant 2 lawongòch yo, pat gen okenn plenyen. Men ki sa ki pase jounen jodia menm?
Se nan lane 2024, Sektè Demokratik Popilè a pral voye Gilles kòm youn nan nèf Konseye prezidansyèl yo nan swadizan tranzisyon meriken te lage nan peyi a pou chak tichen l yo kab jwenn yon zo pou yo souse. Yon fason pou yo pa deranje l nan goumen fè lòbèy ant yo, pou yo pa kontrarye l nan travay destabilizasyon ak piye resous peyi a.
Nan piyay sa a Gilles vin yon kokenn zotobre nan peyi a. Kochon k abitye benyen nan labou, l ap toujou chache labou pou l benyen. Se nan kontèks sa, li tonbe fè tenten sa n l pa wont nan CPT a. Nan tèt Leta a, li tonbe nan koripsyon pirèd. Se konsa ou jwenn li nan brake Bank Nasyonal Kredi a (BNC) ak 2 lòt asosye l. Deviz li se fè lajan pasipala. Depi lè sa a, li pa lage anyen bay abolocho parèy li a, ki se Rony Timothée ki limenm t al foure kò anba Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé.
Premye minis lan gen lè pa delivre anyen pou Rony jwenn. Se nan kontèks sa a, Rony vin fristre, li anchimè, odènye moman li bije antre lan denonse abolocho parèy li ki se Konseye Doktè Louis Gérald Gilles. Se sa misye bliye li pa di Gilles. Gen bagay ou di sou yon moun, si w pat lan antouraj li, ou pa t ap kab konnen l. Timothee akize konseye prezidansyèl la komkwa : « li te vann pozisyon ministeryèl ak administratif a pri egzajere. Yo transfere gwo sòm lajan anba tab pou l nonmen sèten gwo fonksyonè, patikilyèman nan Ladwàn ak nan Otorite Pòtyè Nasyonal (APN). »
Timothée fè konnen tou : nan Sant Anbilans Nasyonal la (CAN), Gilles detounen 27 milyon goud ki te okòmansman prevwa pou reparasyon anbilans, kidonk li prive popilasyon an yon sèvis vital nan yon peyi kote ijans medikal yo souvan se yon kesyon lavi oswa lanmò.
Li deklare karebare tou : Gilles te vòlè 50 milyon goud nan Ministè Afè Fanm yo, lajan ki te destine pou nouri prizonye yo. Li fè konnen tou menm madanm ak pitit konseye prezidansyèl la ap fè chantaj pou l jwenn lajan nan enstitisyon piblik yo.
Rony Timothée ak Gilles se de bò dèyè yon menm bounda, de kowonpi k ap kraze peyi a nan fason pa yo. Se paske Gilles pa delivre komsadwa ki lakòz asosye a, Timothée vin denonse l, avili li sou laplas piblik.