Jounen entènasyonal fanm : Dwa, Jistis, Aksyon pou tout fanm.
Jounen entènasyonal fanm yo ak jènfi yo se yon opòtinite pou nou rann yon omaj ak tout fanm yo k ap lite pou chanje kondisyon lavi fanm toupatou sou latè. Fanm yo ak jènfi yo jwe yon wòl enpòtan nan evolisyon sosyal, ekonomik nan anpil peyi. Men malgre tout jèfò, kèk òganizasyon fanm, sitiyasyon lavi fanm yo rete toujou vilnerab. Batay fanm yo ap mennen nan soyete a jwenn anpil rezistans nan sosyete tradisyonèl la kote gason se yo k ap domine. Emansipasyon, liberasyon fanm ki nan kouch sosyal pi defavorize yo, sitou nan peyi tankou Ayiti kote sitiyasyon sekirite a fè lavi fanm yo vin pi malouk.
Men kèk kesyon ki enpòtan ki dwe poze : poukisa fanm dwe lite pou yo ka jwenn egalite sosyal, ekonomik ak politik yo ? poukisa gason ap domine fanm ki se manman yo, pitit fi yo, sè yo tou. ? Ki orijin konfli sa a ? Ki jan lit fanm lan kòmanse ?
Li enpòtan pou nou ale chèche nan paj listwa pou nou kapab idantifye koz inegalite ant fanm ak gason nan domèn politik, ekonomik ak sosyal. Listwa rapòte, nan yon premye epòk pa te genyen inegalite ant fanm ak gason. Epòk sa te rele : peryòd matriyakal se fanm ki te genyen kontwòl nan fonksyonnman sosyete a. « Matriyakal se yon sistèm sosyal kote manman oubyen fanm yo te jwe yon wòl enpòtan nan transmisyon pouvwa, kontwole byen, kondisyon sosyal ak ekonomik lan . Nan yon sosyete matriyakal, fanm yo genyen pou yo pran desizyon ki empòtan yo ». Nan epòk sa moun kap viv nan sosyete matriyakal yo te genyen egalite ant fanm ak gason. Lè sa lajan pat ekziste. Konsa te genyen yon sosyete kominalis ki se yon sosyete echanj. Lajan se rasin tout mal sou latè . Lajan kreye tout gwo pwoblèm sosyete a ap konfronte. Ki jan sosyete matriyakal la te fonksyone? Moun ki fè mayi, li fè echanj ak moun ki peche pwason. Dezyèm peryòd la rele Patriyakal ki vle di papa ki se gason. Depi peryòd patriyakal ranplase matriyakal la sosyete a chanje konplètman. Nan tan sa yo, latè se te pi gwo richès ki te genyen. Konsa, yon gwoup gason te bezwen genyen plis tè pou yo ka genyen plis manje pase lòt vwazen yo. Yo rantre nan batay pou tè. Gwoup gason ki genyen plis fòs, pran plis tè. Depi lè sa a, sistèm patriyaka te pran nesans e se te kòmansman tou sistèm kapitalis la. Yon gwoup pran tout avèk fòs ponyèt yo. Yon pati jwenn yon ti soulebab yon lòt gwoup pa jwen anyen di tou. Konsa, yon ekriven yo rele Engel Friedrich afime : kontwòl pwopriyete prive yo pèmèt gason yo ranvèse sosyete a, kontwole fwaye ki te domèn fanm yo. Depi sosyete boutdi patriyakal ranplase sosyete matriyakal la dominasyon, opresyon fanm yo kòmanse. Se nan sosyete patriyakal la joukjounen jodi a fanm ap lite pou yo sòti anba sistèm tèrib sa ki fè malè limanite.
Nan sistèm sosyete patriyakal a gason kontwole tout bagay: Se yo ki chèf kay la, se yo ki pran tout desizyon. Se gason ki okipe tout gwo pozisyon nan leta a. Se yo ki chèf nan lame toupatou sou latè. Yo premye nan prèske tout bagay nan sosyete a. N ap pran 2 egzanp ki klè tankou dlo kokoye : a) pa janm gen yon fanm ki eli prezidan an Ayiti. Madan Ertha Paskal Trouillot se te yon jij nan kou Kasasyon, sikonstans politik te favorize l pou li vin prezidan pwovizwa pou l òganize eleksyon . b) tout moun kapab konstate tou, yon peyi kouwè Etazini poko janm genyen yon fanm ki eli prezidan . Genyen 2 tantativ ki te fèt ak 2 fanm Hillary Rodham Clinton ak Kamala Harris ki te abouti ak 2 echèk, kote yo te pèdi eleksyon yo fas ak Trump. Tandiske Ozetazini genyen plis fanm pase gason. Gen kèk peyi nan Amerik latin lan ki rive eli kèk fanm prezidan. Pami yo nou kapab site: Michelet Bachelet (Chili), Chiristina Fernandez (Ajantin), Dina Roussef (Brezil) ak aktyèl prezidan Meksik la Claudia Sheinbaum.
Men ki orijin, ki kote jounen entènasyonal fanm yo sòti? Batay pou liberasyon fanm yo kòmanse menm anvan Nasyonzini (LONI) te deklare ofisyèl jounen entènasyonal fanm yo nan lane 1977. Batay pou fanm genyen menm dwa ak gason yo te kòmanse revandike pou yo genyen dwa majè yo anndan mouvman ouvriye sosyalis yo. Mouvman fanm yo te kòmanse pran yon lòt dimansyon depi nan lane 1911 sou inisyativ yon fanm vanyan Clara Zetkin ki te yon militan alman. Li te òganize dezyèm konferans entènasyonal sosyalis yo nan Kopennhag kapital peyi Dànmak. Objektif konferans sa se te kreye yon jounen anyèl pou pale ak lanse lide pou defann dwa fanm yo. Mouvman fanm sosyalis yo te vize pou kwape inegalite sosyal, ekonomik ak politik pou yo te kab rive konbat eksplwatasyon moun. Nan reyinyon fanm sa yo te genyen patisipasyon fanm ki sòti nan 17 peyi.
Dat 8 mas la pou selebre jounen fanm yo chak lane te pran nan referans yon gwo grèv fanm te òganize nan peyi Larisi pandan premye gè mondyal la. Fanm sa yo ki te òganize grèv lan se te ouvriye, travayè yo te ye. Grèv la te kòmanse nan dat 8 mas 1917. Grèv sa a te genyen yon gwo enpak sou revolisyon bolchevik lan ki te kòmanse nan lane 25 oktòb 2017. Dat jounen 8 mas n ap selebre jounen fanm ak fi yo Nasyonzini te ofisyalize l nan lane 8 mas 1977.

Anvan menm yo te selebre jounen fanm yo, an Ayiti sitou te genyen anpil fanm ki te lite pou liberasyon peyi anba sistem esklavaj la. Se depi nan seremoni Bwa Kayiman an 14 out 1791, fanm yo ap goumen. Fò n sonje manbo Fatima Cécile ki te pike kochon an epitou bay chak patisipan nan seremoni an bwè yon gout san. Yon fason pou yo te kominye ansanm anvan yo te fè sèman pou yo sòti anba grif esklavaj blan franse yo. Genyen anpil fanm tankou Sanite Bélair, Marie Claire Heureuse, Katrine Flon ki te kontribiye nan fason pa yo, nan kokenn batay pou vansman koz Ayiti an.
Nan yon epòk nan istwa peyi Ayiti konstitisyon ayisyen an te ekri nwa sou bla ke tout fanm ayisyen te minè, sa vle di fanm te konsider tankou timoun. Fanm pat genyen dwa pou yo siyen okenn papye pou achte oubyen vann byen. Se te mari yo ki te gen dwa siyen pou yo oubyen yon fanmi gason ki te pwòch fanm yo. Patisipasyon òganizasyon Lig feminen aksyon sosyal te mennen yo gwo batay pou egalite ant gason ak fanm. Fanm tankou Madeleine Sylvain. Madanm Odette R. Fombrun te ekri sou sivism, patriyotism. Li ekri yon liv enpòtan ki rele : Konbit Solidarite Nasyonal kontra sosyal. Se yon liv ke tout gason ak tout fanm ki enterese ak devlopman kominotè peyi yo ta dwe li. Batay fanm yo te kontinye nan lane 1950, kote fanm yo t ap revandike dwa pou yo vote ak dwa pou yo kapab eli nan pòs presidan, senatè, depite , majistra kominal elatriye. Konstitisyon 1950 lan te bayo dwa pou yo vote, men li pat ba yo dwa pou yo eli fanm yo. Eleksyon 1950 yo se te yon veritab malatchonk kote Paul Magloire te manm jent militè a alafwa minis enteryè. Tout pouvwa te nan men li. Apre anpil kritik yo te fè sou Paul Magloire, li te oblije remèt demisyon li kòm minis enteryè. Li te chwazi bon zanmi li Luc Fouche pou ranplase li. Poukisa lidè politik tankou Daniel Fignole, Louis Déjoie, Francois Duvalier pat kapab kandida anfas Paul Magloire ? Paske yon te konnen eleksyon yo te ofisyèl. Kandida anfas Magloire se te yon enkoni Alphonse Fenelon.
Batay fanm yo ap kontinye avèk yon fanm vanyan yo te rele Lydia Occide Jeanty li te pitit yon gran mizisyen yo te rele Occide Jeanty kòmandan fanfa Palè nasyonal. Lydia Jeanty te eli an fevriye 1951 sekretè jeneral Lig Feminen Aksyon Sosyal (LFAS). Li te vin prezidan Lig la tou nan dat 16 fevriye 1956. Se premye fanm ayisyen ki te nonmen Sekretè Deta Travay ak Pwoteksyon Fanm nan dat 28 janvye 1957. Lig Feminen Aksyon Sosyal te kreye pou defann enterè ak pwomosyon fanm ayisyen yo. Sa te pèmèt Fanm yo te fè yon gwo pa annavan. Lè Leta vin kreye Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm yo, premye fanm ki te vin minis nan Ministè sa a nan mwa novanm 1994, se te doktè Lyse Marie Dejean. Li te manm òganizasyon fanm yo rele : Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA). Se yon òganizasyon ki rann sèvis ak tout fanm ayisyen ki nan difikilte nan kesyon vyòl, konsèy pratik pou chanje kopòtman fanm yo nan domèn edikasyon fòmèl ak enfòmèl. Nan domèn alfabetizasyon pou montre fanm yo li, ekri ak kalkile. Konsa yo montre madansara yo menm fanm ki pa konn li ak ekri yo kouman pou yo jere ti kòmès yo. Pou fanm yo fè kadejak sou yo konn pran yon tiswen medikal, se SOFA ki te konn bije pousuiv kadejakè a devan lajistis .
Ensekirite a k ap vale teren an Ayiti vin ran fanm pwoletè yo pi vilnerab. Sitou lè nou konsidere yon pakèt fanm ak jènfi ki kite lakay yo pou yo ale viv nan lekòl yo ak nan abri pwovizwa yo ki pa apwopriye pou okenn mount a viv. Pa genyen dlo potab. Pa genyen manje. Fanm yo ap dòmi nan yon kondisyon deplorab. Sitiyasyon pwomiskite sa favorize yon klima pou vyole fanm ak jènfi yo. Sitiyasyon an pi grav ankò nan zòn ki pi defavorize yo. Vyolasyon sou fanm yo ak jènfi yo ap fèt youn dèyè lòt san okenn pinisyon. Pa genyen okenn mwayen pou pwoteje yo. Sosyete a esitou Leta peyi a, yon leta pouryanis, anyen pa di l anyen, anyen pa regade l. Sa k pi tris, pa gen okenn lwa pou sanksyone yon moun ki vyole yon lòt, omwen pou ta trase yon egzanp. Men ki kote peyi sa a prale?
Eslogan pou ane 2026 pou jounen fanm lan se : Dwa, Jistis, Aksyon pou fanm ak fi. Dwa: Li byen klè, fanm yo pa gen menm dwa ak gason yo. Men yo pa janm fè kado dwa, se nan batay pou fanm yo kontinye reklame dwa yo. Paske fanm ak gason dwe genyen menm dwa. Jistis: Gen anpil peyi kote abi ap fèt sou fanm yo, rete san okenn pinisyon. N ap mande pou genyen plis jistis pou fanm yo pou kapab anpeche vyolans fèt sou yo. Aksyon : San aksyon, dwa ak jistis se yon vrè demagoji. Fanm ak gason kap sipòte koz dwa fanm dwe fè yon yon sèl pou yo genyen yon vrè estrateji pou yo kapab kontinye reklame dwa inalyenab fanm yo genyen antanke moun, manman, madanm, pitit fi. Li lè li tan pou tout fanm genyen menm dwa ak tout gason. Paske tout moun se moun ! Se sosye patriyakal la ki bay nesans ak yon sosyete kote youn ap manje lòt. Youn ap vyole dwa lòt. Fanm rete yon potomitan nan sosyete a. Yo reprezante yon atou enpòtan nan konstriksyon yon lòt sosyete ki genyen plis konpasyon, plis lanmou, plis respè youn ta dwe genyen pou lòt. Genyen yon ekriven franse yo rele Louis Aragon ki di: « La femme est l’avenir de l’homme » Fanm se avni gason. N ap di noumenm fanm se avni limanite. Yo fè prèv yo deja nan sosyete matriyakal la kite yon sistèm pi jis, epi ki te genyen plis konpasyon.
Jean Claude Cajou
Espesyalis nan devlopman
Bouklin 9 mas 2026
