Idson Saint-Fleur *
Ane 2025 la se yon ane espesyal nan istwa kretyen katolik yo sou zile Lagonav. Sa fè 100 ane depi Monseyè Julien Mathurin Conan te deside fè Lagonav vini yon pawas nan achidyosèz Pòtoprens la. Se ye te yon desizyon fidèl katolik yo t ap tann depi kèk tan. Nan plizyè okazyon yo te toujou swete genyen yon pè ki prezan nan mitan yo, yon fason pou konsolide lafwa yo epi ranfòse pratik katolik yo. Aprè anpil ezitasyon ki an rapò sitou ak kondisyon lavi difisil sou zile a, achevèk Pòtoprens la, finalman, te fè Lagonav soti nan nivo estasyon ki gen chapèl pou vini yon pawas.
- KÒMAN SA TE YE ANVAN?
Byennavan 1925, sèten moun sou grantè ki te konn ale Lagonav te toujou konsidere zile a tankou yon peyi kote majorite abitan yo se pwotestan batis. Se te yon gwo manman pèsepsyon. An reyalite, nan peryòd sa a, Legliz baptis anba lidèchip pastè nwa ameriken Boaz Alexander Harris te angaje l nan yon gwo kanpay evanjelizasyon ki te debouche sou kreyasyon anviwon yon dizèn estasyon ki te depann selon pozisyon jewografik yo de twa pòl rejyonal : Masikren, Gwomang ak Pwentarakèt. Anplis de sa, Legliz baptis te mete lekòl nan estasyon yo, louvri premye dispansè sou zile a epi ofri popilasyon an lòt avantaj.
Nan epòk sa a, Legliz katolik potko kapab pran esò li vrèman. Gwoup fidèl yo te piti toujou. Poutan rasin Legliz la te kòmanse antre nan tè depi kòmansman dènye deseni diznevyèm syèk la. Pakont, devlopman rapid Legliz batis ki te touche zile nan kat pwenkadino li yo te preske fòse Legliz katolik souke kò li.
Aktivite zele pwotestan yo pa t toufe vodou a nonplis. Pami premye abitan sezonye zile a te genyen tou bonkou vodouyizan. Genyen ki te voudouyizan libelibè, gen lòt ki t ap pratike vodou a an kachèt. Men, nan yon ka tankou nan yon lòt, depi lè pou fè sèvis pou lwa yo rive, pi souvan yo te travèse sou grantè pou yo ale fè sa. Menmsi, anmenntan, sèten ladan yo te toujou konsidere tèt yo kòm bonjan kretyen katolik.
Se nan ane 1887, yon pè breton, misyonè Senjak, Louis Marie Guilloux te fè yon koutpye Lagonav. Li t al vizite estasyon sa a ki pa t gen chapèl men ki te depann de pawas Akayè a. Se aprè 4 an li te deja pase nan tèt pawas sa, pè Guilloux te ale Lagonav. Pè a mouri nan lane 1889 e li pa t gen tan retounen sou zile a ankò.
Nan lane 1893, pè Julien Le Theis, administratè pawas Akayè te fè yon vizit Lagonav. Se nan menm ane a, otorite relijye yo te plase estasyon sa a sou pwoteksyon Sentantwàn.
Nan lane 1889, aprè lanmò pè Guilloux, Monseyè Constant-Mathurin Hillion, achevèk Pòtoprens, nome pè Jean-Baptiste François Primet kòm nouvo kire pawas Senpyè nan Akayè. Pè Primet te fè plizyè vizit sou zile a. Li gen repitasyon kòm pastè ki te travay toubon vre, nan premye peryòd sa a, pou konsolide prezans Legliz katolik sou bout tè sa a.
Apati 1903, « estasyon Lagonav » la ki te anba pwoteksyon Sentantwàn vin tounen « estasyon Ansagalè » dirijan pawas Akayè a plase anba pwoteksyon Sentizidò, ki se patwon peyizan yo. Nan menm ane sa a, responsab legliz yo nan Akayè kreye twa lòt estasyon. Se estasyon Zetwa ki sou pwoteksyon Sentàn, estasyon Titans ki sou pwoteksyon Senjanbatis ak estasyon Pwentarakèt ki sou pwoteksyon Senlwi. Kòm estasyon yo pa t gen chapèl, se devan kay yon fidèl ki pi devwe oubyen sou gran chemen yo te konn chante lamès yo. Aprè sa fidèl yo te degaje yo pou chante lamès anba tonèl pay kokoye.
Se estasyon Ansagalè a, an premye, ki pral gen yon chapèl. Yon konstriksyon ki te konfòm ak achitekti riral nan epòk la. Yon kay klise ki te kouvri an pay men ki te pran, chak ane, gwo bataswèl anba siklòn ou vanndegren. Gendelè, koutvan sa yo konn si vyolan se poto chapèl la sèlman yo konn kite debou. Konsa, se detanzantan fidèl yo te konn nan rekonstui chapèl sa a.
Estasyon Granvid la ki sou pwoteksyon Sentandre te kòmanse fonksyone nan ane 1907 alòske estasyon Twoulwi a sou pwoteksyon Senjozèf a te demare aktivite li yo an 1917. Dis ane pita, an 1927, estasyon Pikmi (bò lanmè) ak estasyon Gwomang te kòmanse travay.
- PAWAS SENTIZIDÒ NAN LAGONAV
Nan mwa novanm 1925, plis pase yon lane apre prezidan Louis Borno te siyen yon lwa pou fè Lagonav vin komin, otorite yo nan achidyosèz Pòtoprens te fè Lagonav monte nan grad pawas. An reyalite, se « estasyon Ansagalè » a ki te pran pwomosyon sa a. Se Allain Euzen, yon pè breton, misyonè Senjak, ki pral genyen reponsabilite pou li administre nouvo pawas sa a.
Moun ka p etidye dosye sa a kapab byen konprann se depi nan premye ane ventyèm syèk la, achidyosèz Pòtoprens t ap analize posiblite fondasyon pawas sa a, men Premye Gè mondyal la te oblije anpil relijye fransè tounen nan peyi yo, melanje ak difikilite pou moun viv plizoumwen byen sou zile a te kontrarye adopsyon desizyon sa a. Anpil pè te konsidere Lagonav tankou yon peyi pèdi kote abitan yo ap mennen lavi boutdi.
- KI MOUN PÈ EUZEN TE YE ?
Allain Euzen, fondatè pawas Sentizidò Lagonav la, fèt nan ane 1892 nan rejyon Bretay, nan peyi Lafrans. Aprè etid tewolojik li yo nan Gran Seminè Senjak, li antre ann Ayiti nan denye trimès ane 1912. Twazan aprè, Monseyè Julien Mathurin Conan beni li kòm pè. Lè sa a li te gen 23 zan.
Pè Euzen te travay nan pawas Sakrekè nan Tijo, an acheveche Pòtoprens, nan pawas Jakmèl, nan pawas Sentàn (Pòtoprens) ak nan pawas Senpyè nan Akayè. Nan mwa novanm 1925, achidyosèz la transfere li Lagonav. Li te gen misyon pou etidye epi twouve posibilite pou nouvo pawas ta kapab fonksyone. Men fòmèlman, se yon ane aprè li vini kire pawas sa a.
Pè Allain Euzen kite Lagonav nan lane 1929 pou kòz maladi. Lè sante li te retabli, otorite relijye yo te afekte li nan plizyè lòt pawas. Aprè sa li te kite Ayiti. Li mouri nan peyi li, Lafrans, nan ane 1954. Li te gen 62 zan.
Aprè Allain Euzen, plizyè lòt pè breton ak ayisyen pral bay kominote katolik sa a sèvis tankou pè Armand Guivard, pè F. Jean-Noël, pè Raoul Lefèvre, pè Pierre Le Roux ak pè Daniel Jean.
- MISYONÈ ESKET YO RIVE, LAGONAV VIN GENYEN 2 PAWAS
Nan ane 1958, aprè yon akò avèk misyonè esket yo, Monseyè Francois Poirier, achevèk Pòtoprens la, nome pè Arthur Van Den Bossche kire pawas Lagonav e pè Achiel Lemahieu vikè nan menm pawas la. Sepandan, pè Lemahieu te gen sou responsabilite l prensipalman estasyon Pwentarakèt la. Avèk desizyon sa a, Monseyè Poirier te vle satisfè fidèl yo nan lokalite sa a ki te mande l pandan vizit li sou zile pou l plase yon pè nan tèt estasyon Senlwi a.
Pou fè suit ak desizyon sa a, nan ane 1961 Pwentarakèt te vini yon pawas oksilyè ki te toujou depann de pawas Ansagalè a. Otorite relijye yo te vle obsève pou wè epi konprann si estasyon ak chapèl sa a ap devlope tout kalite ak mwayen pou li vini yon pawas toutbon vre. Konsa, se nan ane 1964 Pwentarakèt te vini pawas ki te jwi tout dwa grandèt li parapò ak pawas Sentizidò Ansagalè a. Monseyè François Poirier te vle pouse tèlman lwen konsiderasyon li te genyen pou evanjelizasyon zile a, li te menm anvizaje pou li fè Lagonav tounen yon « Vikarya apostolik ».
Soti 1958 pou rive 1998, se yon kenzèn pè esket ki te dirije pawas Sentizidò Ansagalè a. Pami yo genyen pè Arthur Van Den Bossche, pè Alfons Van Hooydonck, pè Jules Van Looveren, pè Raphaël Maenhout, pè William (Bill) G. Quigley, pè Jean-Pierre Nzemba Wayi. Aprè sa, se pè dyosezen yo ki vin kontinye travay la e yo la jouk jounen jodi a.
- PÈ DYOSEZEN YO RIVE, LAGONAV GEN 4 PAWAS
Fondasyon Pawas Senlwi nan Pwentarakèt vin diminye nan teritwa pawas Sentizidò Ansagalè a. Konsa, nan ane 1958, pè Arthur Van Den Bossche ak pè Achiel Lemahieu te devize teritwa katolik sa a an 2 pati. Zòn nò a te sou responsabilite pè Van Den Bossche ki te nan tèt legliz pawasyal la. Zòn sid la te sou responsabilite pè Lemahieu ki te nan tèt estasyon Pwentarakèt la.
Nan ane 1961, lè Pwentarakèt vin pawas oksilyè. Pè yo te toujou kenbe menm pataj teritoryal sa a. Zòn nò a ki te sou lobedyans pawas Ansagalè a te genyen ladann 7 estasyon : Titans, Zetwa, Gwomang, Lasous, Gransous, Palma ak Twoulwijèn. Tandiske zòn sid la ki te sou administrasyon pawas oksilyè Pwentarakèt la te kouvri 7 lòt estasyon : Pikmi, Plezans, Zabriko, Twoulwi, Granvid, Pwentmarimadlèn ak Nanzoranj.
Kreyasyon 4 lòt pawas (Gransous, Gwomang, Tipalmis, Pòdebonè) vin diminye yon lòt fwa ankò nan teritwa Pawas Sentizidò a. Fwa sa a, pawas Senlwi nan Pwentarakèt sibi menm konsekans la. Men tout sa te fèt nan objektif pou rapwoche legliz la pi plis bò kote popilasyon an.
*Idson Saint-Fleur
Jounalis, sosyològ deja ekri plizyè liv sou istwa zile Lagonav. Li kontinye eksplore domèn sa a. L ap prepare kounye a yon liv sou istwa Legliz katolik, Legliz pwotestan ak Vodou pandan l ap analize kontribisyon sosyal yo nan lavi Gonavyen yo.
saintfleuri14@yahoo.fr