Yon Konstitisyon pa fèt pou mete mask sou ilegalite : refi nasyonal kont yon avant-projè san fondman
Yon pouvwa ki pa ni eli, ni rekonèt pa pèp la, lanse yon kanpay pou vann yon nouvo Konstitisyon bay nasyon an. Yo mete dè milyon dola pou pibliye, fè pwopagann, ak eseye konvenk moun sou sa yo rele « nesesite » pou yon nouvo tèks. Men an reyalite, se pa sa peyi a bezwen. Sa peyi a bezwen, se jistis, sekirite, ak leta de dwa.
Avant-pwojè sa a sòti ni nan vid legal, ni nan vid moral. Li pa chita sou okenn manda popilè, li pa pase pa okenn enstitisyon ki prevwa pa Konstitisyon an. Atik 284 li menm di li kare : pa gen okenn referandòm ki ka fèt sou Konstitisyon an. Pwen. Se pa diskisyon, se lwa.
Se poutèt sa, tout efò pou mete devan yon nouvo tèks konstitisyonèl san patisipasyon Palman, san konsiltasyon serye, san baz legal, se yon vyolasyon tèt an wo dwa konstitisyonèl pèp la genyen. Se yon manipilasyon. Se yon fason pou mete sou papye volonte kèk moun ki panse yo ka kontwole avni nasyon an, alòske yo pa gen okenn lejitimite pou sa.
Peyi a pa nan moman pou l ap reflechi sou nouvo Konstitisyon Tèt Kale-KPT. Se pa priyorite a. Peyi a anba men gang, anba men kontwòl etranje, anba akizasyon sou sipozeman finansman teworis. Ayiti sou lis nwa. Se sa ki merite debat jodi a. Se sou sa nou dwe mete limyè, se sou sa nou dwe chita pou reflechi. Non pa sou yon tèks ki sòti nan laboratwa pouvwa ki pa gen ni transparans, ni konsansis.
Konstitisyon pa ka fèt sou baz volontè kèk teknokrat oswa diplomatik. Li dwe fèt pa pèp la, atravè yon pwosesis ki respekte Konstitisyon an, ki ouvè, ki demokratik, epi ki chita sou volonte kolektif. Se pa ak lajan piblisite y ap achte konsansis. Se pa ak bèl pawòl y ap ranplase prensip legal yo.
Depi tèt li, avant-projè a se yon aks legal ki pa ka bay okenn rezilta serye. Li pa gen avni. Epi li pa merite tan pèp la, ni respè li.