Pitit la plis sanble tèt koupe ak Leslie Voltaire ki te anonse sezaryèn nan pou 11 Me 2025
Apre l fin pase anpil tan nan tete lang ak KPT a, kise « yon pwostitye politik ak machan’n peyi », selon anpil Aysyen ki pa danse kole ak vyole la lwa, ni nèg kap fè dap piyan sou kat kredi BNC ak detounen lajan Entèlijans lan, mouche Jerry Tardieu, ke byen plase pou konnen kòman amandman Konstitisyon an sipoze ak dwe fèt, ta parèt desi anpil « de yon ti bebé kwachòkò ke KPT a bali. » Bebe a pa sanble di tou avèl, men sou konn se de gout dlo ak Leslie Voltaire, Alix Didier Fils-Aimé ak Laurent Saint-Cyr, twa nan kèk mounn ki met tèt yo ansanm pou derespekte pèp Aysyen an e dechouke tout baryè ki anpeche yon lòt diktati tounen.
Jerry Tardieu Relé Anmw, CPT a bali kout pitit. Nan kelkeswa sikonstans referandòm entèdi an Ayiti depi apre 29 mas 1987
Ansyen depite komin Petion-Ville la, Jerry Tardieu lanse yon gwo apèl kont pwojè nouvo konstitisyon Konsèy Prezidansyèl Transitwa (CPT) – ak PHTK – a mete sou tab la. Li deklare ke dokiman sa a pa reflete okenn konsansis nasyonal, li chita sou yon vizyon fèmen ki neglije aktè kle nan lavi politik peyi a, epi li met sou kote tout travay ki te fèt pandan plis pase senk ane pa Gwoup Travay sou Konstitisyon (GTC). Selon Tardieu, ki te mèt nan tèt li ke ekip sa ki pa bay pèp la regle anyen pou yo, sa se yon zak meprizan kont demokrasi ak respè pou memwa konba politik ayisyen yo.
Tardieu mete aksan sou danje pwojè sa a reprezante pou diaspora ayisyèn lan. Dapre li, nouvo konstitisyon [PHTK/CPT nòt redaksyon an] a pwopoze mete de kategori sitwayen: sa yo ki lakay ak sa yo ki aletranje, san dwa politik vre. Sa vle di, dyaspora a pap ka vote ni patisipe aktyvman nan lavi politik peyi li.
Pi grav toujou, pwosesis gwo ponyèt sa sa a ap fèt an deyò manman lwa peyi-a, paske Konstitisyon 1987 la, nan atik 284.3, entèdi nenpòt referandòm pou chanje li. KPT a ki gen Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Louis gerald Gilles pa gen pyès dwa ou chanje’l e vinn jwen, dapre dirijan NEHRO a, Josue Renaud, « 3 jwisè sifokan sa yo ta dwe nan prizon pou koripsyon« .
Nan pozisyon li, Mouche Tardieu mande pou tout sektè mobilize kont inisyativ sa a, paske li pa gen baz legal, li plen kontradiksyon, epi li kapab mete plis dezòd nan yon peyi ki deja ap soufri anba ensekirite, move gouvènans ak kriz politik. Li raple ke chanjman konstitisyon pa ka fèt san konsansis, san enstitisyon endepandan yo, epi san respè pou prensip demokratik yo. Li fini ak yon avètisman klè: « Si nou pa pran pozisyon kounye a, nou pap ka konbat sa ki gen pou vini demen. »
Nap raple anvan mouche Fils-Aimé ki te gen foli Senatè e ke sa pat mache pouli vinn pran tèt Primati a, Gary Conille te fè Rezo nòdwès konnen lè’l te de pasaj nan New York ke « se sèlman yon konsensis ki ka pèmèt refrandum lan« , men pou anpil lòt ekspè « yon konsansis ant pati politik paka ranplase yon Konstitisyon yon peyi ».
cba