Cette chanson, écrite en créole haïtien, se veut à la fois un chant de mémoire et une interpellation politique. Elle retrace, sur un mode poétique et accusatoire, le parcours de Jimmy Chérizier — alias Barbecue — ancien policier devenu chef de gang, figure centrale d’un chaos orchestré puis renié. Loin de glorifier ou d’absoudre, cette composition expose une trajectoire fabriquée, instrumentalisée, puis jetée, révélant en creux les zones d’ombre d’un pouvoir complice, d’un État en faillite, et de commanditaires encore tapis dans le silence. À travers un refrain lancinant et des strophes pleines de colère contenue, la chanson pose la question : qui a nourri la bête qu’on désigne aujourd’hui comme monstre ? Et surtout, quand viendra le moment de vérité où la parole, même tardive, mettra à nu les architectes du désastre haïtien ?
Yo te mete l sou wout…
Yo ba li zam, yo fè l kwè li tap bay jistis…
Jodi a, yo mete non li nan lis “teroris”…
Men, kiyès ki te mete l la?
Kiyès ki te sèvi avè l?
Men, kiyès ki te bal zam ak minisyon?
Refrain
BarBecue, yo te prepare’wou
Yo fin’n sèvi avè w, jodi a yo lage w
Tankou yon pil rad ki sal, yo mete w deyò
Men kilès ki mete tou’t san inosan sa yo sou men’w?
[Couplet 1]
Barbecue pa soti nan lespas
Li soti nan sistèm lan, li soti nan magouy
Yo di se li ki mové, men li pa sèl
Dèyè li gen gwo non kache, gen gwo plan
Yo te fè l kwè li tap sovte pèp
Yo ba li boulva pou li mache
Men se krim yo te plante, se laterè pèp la rekòlte
Kounye a yo fèmen je, yo pran distans
[Refrain]
Barbecue, ou te prepare
Yo te sèvi avè w, jodi a yo lage w
Tankou yon pil rad sal, yo mete w deyò
Men kilès ki mete san sou men’w?
[Couplet 2]
Viv Ansanm? Non, se lanfè kole
Gouvènman te siyen ak kriminèl
Minis, direktè, ansyen chèf
Yo tout te konn — men yo pa janm parèt
Sila ki bay lòd yo toujou nan lonbraj
Sila ki peye yo toujou ap manje
Pèp la konnen se pa ou sèl
Pèp la mande’w: kilès ki t ap gide ou?
Pale Barbecue, pale…
Rakonte sa yo te pwomèt ou
Di kiyès ki te bò kote ou
Pa kite istwa a ekri san ou
Refrain
BBQ, ou te prepare
Yo te sèvi avè w, kounye a yo trayi w
Tankou yon pi fatra, yo jete w
Men verite a poko pale…
Yo mete ou anndan flanm
Nan yon Viv Ansanm
Yo kite ou boule pou sa yo te fè’w fè
Pale, Barbecue…Pale…
Non pou sove tèt ou, men pou kraze silans lan
Pou nou tout ka wè… kiyès ki te jwe rat mòde soufle?
audio